<!-- IMAGE -->
Domèn juridik-la ann Ayiti: Nouvèl yo fè konnen se semèn sa-a lajustis ayisyèn pral retounen sou dosye yon misyonè amerikèn, Laury Silsby, ki tonbe anba akizasyon deske li ta mele nan trafik ilegal timoun e ke li ta antre nan peyi-a nan kondisyon ki pa regulye.
Madam Silsby te fè pati yon gwoup 10 ameriken ki te touve yo nan menm sitiyasyon-an; men lajustis libere tout lòt yo (ki antre o Zetazuni), se si sèlman ki toujou nan prison.
Lyonel Desmarattes te antre an kontak ak avoka akize-a, Mèt Aviol Fleurant, pou l konnen dènye nouvèl sou dosye-a.