Accessibility links

Breaking News

Dokimantè CNN 'Rescued' Jete Limyè Sou Pwoblem Orfelen, Restavèk Nan Peyi D'Ayiti


<!-- IMAGE -->


Teyat Bill Cosford la ki fè pati lekol kominikasyon Univèsite Miami a te akeyi dè santèn envite pou wè yon pati nan dokimantè “Rescued” la ki vle di Sove. Dokimantè sa a santre sou repòtaj jounalis CNN Soledad O’Brien fè sou Cendy Jeune ak Marc Kenson Oliphi, 2 òfelen ayisyen ke misyonè ameriken Susette ak Bill Manassero te pran an chaj nan òfelina yo a nan Pòtoprens ki rele Mezon Lumyè.

Mesye-dam yo se moun Redondo Beach nan sud eta Florid e yo te deside kite kay yo ak vi yo Ozetazuni dèyè, apre yo t’al vizite yon timoun aysiyen ke yo tap bay asistans finansye. Pitit fi yo, Arianna, ki te gen 8 an nan epòk sa a te konvenk paran li pou y’al viv Anayiti pou ede lòt timoun. Objektif yo se se pa jwenn moun pou adopte timoun yo men pito pran swen epi eduke timoun ayisyen yo pou yo pa oblije kite peyi natif natal yo. Lè fini yo vle bay timoun yo opotunite pou yo ede Ayiti lè yo vinn gran.

<!-- IMAGE -->

Se yon jèn gason ki te mete Soledad o kouran de orfelina a. Misye tap filme lòt bò a depi ane 2007.

“Gen yon jè gason ki rele Jonathan Olinger ke’m te rankontre Anayiti – depi ane 2007 misye tap filme nan orfelina a – li se yon fotograf fantastic e li konn rakonte istwa," Soledad eksplike. "E nou te rankontre tou suit apre tranbleman de tè a e nou te kwè se ta yon bon ide pou’n travay ansanm epi pwodui yon bèl dokimantè pou CNN.”

Imaj misye kapte yo te pèmèt CNN kore dokimantè a ak sèn lavi timoun yo anvan, pandan e apre evenman 12 Janvye a.

Soledad fè konnen malgre istwa Cendy Jeune la se yon istwa ki tipik (paran li te abandone’l paske yo pat gen mwayen pou yo pran swen li) kestyon orfelen an se yon kestyon ki konplike Anayiti.

“Se yon kestyon ki trè diferan pa rapo ak jan nou viv Ozetazuni. Esklavaj timoun men legal. Orfelen men yo gen manman ak papa. Ou konnen, se yon istwa ki chaje ak kontradiksyon ke’m kwè se yon bagay ki trè difisil pou noumenm antanke ameriken konprann byen," li deklare. "Mwen kwè kestyon restavèk la ba nou opotunite pou’n eseye determine kisa ki pral pase ak kestyon sa a. Kijan yo pral rezoud li. Mwen kwè ke ou paka gen timoun kap viv nan lamizè, kap viv kom restavèk epi attan ou aske ou ka gen yon peyi ki sen. Se pa yon bagay ki posib.”

Marc Kenson limenm te yon restavèk. Paran li te vann limenm ak sè li pou $120 dola ayisyen (apepre $12 dola ameriken). Li te pase plizyè ane ap viv nan lamizè kote li tap mande lajan nan lari. Madanm ki achte’l la te konn bat li, juskaske mesye-dam Manassero yo te vinn “sove li” epi pran swen li nan òfelina yo a. Kounyea, misye gen 18 an kounyea e lap travay kòm jeran nan yon kay kote misyonè yo resevwa envite.

Misye ta renmen travay kòm mekanisyen yon jou. Marc Kenson ajoute petèt li ka fè ase lajan pou’l louvri yon òrfelina tou kote li va ede timoun ayisyen.

Kestyon restavèk la se yon reyalite majorite ayisyen konnen byen. Doktè Fritz Bazin, ki fè pati achidiyosèz sudès Florid la di li espere dokimantè "Rescued" la va ankouraje ayisyen pou yo rektifye move abitud sa a.

"Mwen panse ke dokimantè a reprezante yon lòt aspè nan reyalite ayisyèn nan," misye deklare. "Lè yap pale de restavèk, pa egzanp, menm mwenmenm lakay nou te gen de timoun ki te rete avèk nou tou - danz une sètèn mezu se restavèk ke yo te ye - nou pat gen konsyans ke se pat yon bagay ki kòrèk. E legliz, tout legliz yo mwen sonje Anayiti ke lamès ki fèt nan apremidi sete pou pòv ak restavèk. Savledi patisipe nan ankouraje e menm pèpetye enjustis. Men kounyea je moun yo kapab ouvri e'm panse ke apre tranbleman de tè a ki fose tout klas yo melanje gen de chanjman de konpòtman ki pral fèt lakay yo."

Lekòl kominikasyon Univèsite Miami a te patwone premyè dokimantè “Rescued” la ansanm avèk Florida Immigrant Advocacy Center setadi sant kap defann dwa imigran eta Florid la. Cheryl Little, se responsab sant sila a e li di nou li te kontan kolabore avèk Soledad O’Brien sou pwojè sa a.

“Nou te kontan pwofite opotunite pou ofri kolaborasyon nou. Mwen kwè li trèz enpotan pou moun gade dokimantè sa a epi eseye konprann sakap pase Anayiti pa rapò ak timoun ki òrfelen yo,” madan Little deklare.

Li ajoute ke li kwè ke li trèz enpotan pou kenbe atansyon moun sou Ayiti ak pwoblèm peyi a ak pèp la ap konfronte.

“Ou konnen Haiti te domine nouvèl yo pandan yon bon period tan, men sanble moun gen tan bliye sa. Mwen kwè youn nan mesaj prensipal nou ka tire nan dokimantè sa a se ke fòk nou konsantre sou peyi a a lon tèm. Setadi, fòk nou kenbe la fèm e pa lage Ayiti pou asure ke peyi a epi pèp la rive rekanpe sou 2 pye li.”

Apre spektatè yo te gen wè dokimantè a. Te gen yon sesyon kestyon repons ak yon panel 4 moun: fondatè pwojè Medishare pou Ayiti a, doktè Barth Green, Direktris sant kap defann dwa imigran nan eta Florid la, Cheryl Little, ekriven renome ayisyèn Edwidge Danticat epi responsab Atletik D’Ayiti, Robert Duval.

Misye Duval fèk soti Ayiti pou premye fwa depi evenman 12 Janvye a. Misye ba nou opinion ni
sou sityasyon aktyèl peyi a kote dè milye moun ap viv sou teren klub spo li a.

"Globalman se yon sityasyon katastwofik paske gen yon seri d'espas ki okipe pa deplase yo e gen yon de mouvman kap fèt pou yo kapab replase yo pa egzanp nan Koray men se yon gout do nan le vaz. Pou mwenmenm se yon pwoblèm ki poze o nivo de sosyete ayisyèn nan fok sosyete a 'deal avèk yo' fok sosyete a gade yo an fas epi di yo on bagay. Fò ke gen yon plan d'amenajman," misye Duval di.

Pou ekriven Edwidge Danticat, dokimantè Rescued la montre ke pwoblèm ayisyen ap konfronte
apre tranbleman de tè a gen dives nivo viktim.

"Mkwè ke dokimantè a -- paske Ayiti pa nan nouvèl yo anko, se yon aspè enteresan nan kriz ki pase Anayiti a. Gen timoun ki orfelen genyen ki adopte pa etranje genyen ke noumenm ki ayisyen pran lakay yo donk mwen kwè li enteresan pou fè'n sonje ke tranbleman de tè sa a gen plizyè nivo de viktim. Nan tout sosyete se timoun ki frajil ki nan yon sityasyon ki prekèr -- donk sa fè nou sonje timoun yo, sa y'ap pase -- nou wè 2 timoun la a nan dokimantè a men gen dè milye e dè milye ki bezwen supo nou Anayiti antanke ayisyen. Se yon lut kap kontinye," mamzèl deklare.

Soledad O’Brien ki te dirije sesyon kestyon repons la apre difuzyon dokimantè li a. Pwen
prensipal ke moun nan asistans la te soulve pandan sesyon sa a sete: ki kote kontribusyon
finansye dè milyon moun voye pou ede Ayiti ye? Poukisa yo pa rive jwenn reskape yo? Epi
anpil spektatè te mande kijan yo kapab ede Ayiti yon fason ki pi efikas?

Pat gen okenn repons definitiv pou kestyon sa a men anpil spektatè di yo sa lakoz yo panse
diferan a pwoblèm peyi a epitou pouse yo pou yomenm ak lot moun ki va wè dokimantè a sou CNN pou yo pase a l’aksyon.

Soledad O’Brien di li espere fè lòt repòtaj sou Ayiti nan lavni.

"Mwen kwè pwogresyon naturèl bagay yo se pousuiv kestyon responsabilite a. Men'm kwè se ta dwe responsabilite nan kad yon konteks presi, savledi kijan Ayiti ta dwe ye? Ki kalite gouvènman ki ta dwe dirije peyi a. Ou konnen gen yon afè de 14 mil ONG kap fonksyone nan peyi a -- se estimasyon kèk moun bay. Kisa ki wol yo? Eske ou kapab genyen yon gouvènman ki febli epi tout ONG sa - eske se yon bagay ki posib? E ki kestyon timoun yo, sitou restavèk yo -- ki priyorite yap bay kestyon sa a lè yo va gen opotunite rekreye epi rebati peyi a?"

Soledad te pase yon semen Anayiti apre tranbleman de tè a e li te pase yon semen nan peyi a
pou fè repotaj pou dokimantè a. Li di li gen entansyon retounen Anayiti mwa pwochen an pou 5 ou 6 jou men fwa sa a se pap pou travay. Li pral vwayaje ansanm ak pitit fi li pou li ka
travay kòm volontè nan yon òrfelina.

Si’w ta renmen wè dokimantè a, CNN pral difuze “Rescued” (sove) Samdi 8 Me a 8:00 p.m. (EST - lè Washington).


XS
SM
MD
LG