Accessibility links

Breaking News

Eske Palman Ayisyen an Kapab Transfòme Ann' Asanble Konstityant?


Ayiti: Deba kontinye dewoule sou kesyon pou konnen eske Asanble Nasyonal la ou youn nan chanm ki fòme li yo kapab transfòme ann' Asanble Konstityant nan moman manda depite yo ap bout dezyèm lendi mwa me a, menmman-parèyman pou senatè ki te eli pou katran an 2006 yo, dapre atik 232, alineya C & D lwa elektoral premye jiyè 2008 la (1).

Pwofesè dwa Monferrier Dorval ap vini ak repons kesyon sa yo nan mikwo Lyonel Desmarattes ki kòmanse pa mande'l opinyon n' sou dosye sa a antanke espesyalis kesyon jiridik.

Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a pou n' koute opinyon espesyalis Monferrier Dorval.

(1) NDLR: Article 232. Men jan manda palmantè ki eli nan ane 2006 la fikse: a) Prezidan Repiblik la ap rete opouvwa jouk 7 février 2011; b) Senatè ki eli pou sizan yo (6 ans) ap rete nan pòs yo pou jis dezyèm lendi janvye 2012, si eleksyon dewoule pa pi ta ke desanm 2011. Si eleksyon yo pa ta rive fèt, y'ap rete nan pòs yo jis lè manda sizan yo a (6 ans) bout, swa 8 me 2012 ;

c) Senatè katran yo (4 ans) anplas pou jis dezyèm lendi janvye 2010, si eleksyon fèt pou pita an desanm 2009. Sizoka eleksyon yo pa fèt, y'ap rete nan plas yo jis lè manda katran yo a (4 ans) bout, swa dezyèm lendi mwa me 2010;

d) Depite yo gen manda pou jis dezyèm lendi janvye 2010 si eleksyon dewoule pou pita an desanm 2009. Sizoka eleksyon yo pa fèt, y'ap rete nan plas yo jis lè manda katran yo(4 ans) bout, swa dezyèm lendi mwa me 2010.

Vèsyon orijinal la, an franse:Article 232 La durée des mandats des élus de l’année 2006 est fixée de la manière suivante:

a) le Président de la République est en fonction jusqu’au 7 février 2011;

b) les Sénateurs élus pour six (6) ans sont en fonction jusqu’au deuxième lundi de janvier 2012, au cas ou les élections auront lieu au plus tard en décembre 2011. Dans le cas contraire, ils restent en fonction jusqu’à la fin de leur mandat de six (6) ans, le 8 mai 2012 ;

c) les Sénateurs élus pour quatre (4) ans sont en fonction jusqu’au deuxième lundi de janvier 2010, au cas où les élections auront lieu au plus tard en décembre 2009. Dans le cas contraire, ils restent en fonction jusqu’à la fin de leur mandat de quatre (4) ans, le deuxième lundi de mai 2010 ;

d) les Députés sont en fonction jusqu’au deuxième lundi de janvier 2010 au cas où les élections auront lieu au plus tard en décembre 2009. Dans le cas contraire, ils restent en fonction jusqu’à la fin de leur mandat de quatre (4) ans, le deuxième lundi de mai 2010 ;

e) les Membres des Conseils et des Assemblées des Collectivités Territoriales sont en fonction jusqu’en janvier 2010 aux dates fixées pour la prise de fonction de leurs successeurs.

Article 233 Les dispositions de la présente Loi s’appliquent au Conseil Electoral nommé par arrêté présidentiel en date du 11 décembre 2007 jusqu'à la formation du Conseil Electoral Permanent suivant les prescrits de la Constitution.

Donné à la Chambre des Députés, le mardi 1er Juillet 2008, An 205ème de l’Indépendance.

Pierre Eric JEAN JACQUES

Président de la Chambre des Députés

Députée Gérandale THELUSMA, Première Secrétaire

Député Steven Irvenson BENOIT, Deuxième Secrétaire

Donné au Sénat de la République, le mercredi 9 Juillet 2008, An 205ème de l’Indépendance.

NB: Jacques Jean-Baptiste revize e korije atik sa a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG