Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Opinyon Yo Depaman Nan Klas Politik la


Òganizasyon eleksyon nan fen ane a ann Ayiti kontinye divize klas politik la nan nasyon

<!-- IMAGE -->

karibeyen an nan moman Òganizasyon Eta Ameriken (e nan yon dimansyon pi laj) kominote entènasyonal manifeste apui yo anfavè yon konsiltasyon elektoral nan peyi a. Prezidan ayisyen an, René Préval, afime volonte l' pou eleksyon dewoule pou yon nouvo gouvènman ka monte sou pouvwa a an fevriye 2011. Sepandan deklarasyon bon entansyon sa a pa reyisi kalme kè sote òm ak fanm politik ayisyen ki pa kache dout yo sou dewoulman vòt la swa pou rezon lojistik, swa pou onètete ak kredibilite yon eleksyon konsa.

Pwoklamasyon Lwa Dijans lan, nan mwa avril la, pa ede non plis nan atitid sa a. Divès lidè pati politik denonse li kòm yon manèv misye Préval pou l' konsève e ogmante pouvwa li epi mete restriksyon sou libète sitwayen yo.

Yon lòt kote, Anpil elektè swa mouri, swa deplase ou kareman pèdi kat elektoral yo nan tranbleman'ntè 12 janvye a. Apa sa, Enstitisyon elektoral la (KEP a) pa genyen lokal ni li pa genyen non plis konfyans yon bon valè nan aktè politik yo.

Men malgre sitiasyon sa a, pwofesè syans politik Jean-Robert Simonise kwè Ayiti genyen yon chwa pou l' fè antanke sosyete: fè eleksyon plizoumwen akseptab pou altènans demokratik la oubyen kite diskisyon, divizyon, hing-hang politik fè nou rate defi rekonstriksyon an san eleksyon.

Senatè Edmonde Supplice Beauzile, li-menm, reprezantan Plateau Central, di genyen anpil moun tranblemann'tè a deplase e ki epapiye pasi-pala atravè Ayiti (yo pa genyen kat elektoral, yo pa genyen domisil fiks) ou kap viv nan kan nan moman sezon lapli ak sezon siklòn nan ap antre. Madam Beauzile di, akòz sitiasyon ak pwoblèm sa yo, e malgre volonte prezidan Préval ak dezi kominote entènasyonal la, li pa kwè li posib pou eleksyon dewoule ann Ayiti nan fen ane a.

Kanta pou analis politik Robert Bénodin, manm Pati RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis yo) li kwè, dapre sa li rele "palmarès elektoral prezidan René Préval depi 1999-2009", prezidan an pa ka òganize eleksyon lib, onèt e kredib". Selon misye Bénodin, "yon gouvènman ki genyen plen pouvwa pa kapab òganize bon jan eleksyon".

Jounalis Lavwadlamerik yo, Jacquelin Bélizaire, Lyonel Desmarattes ak Jean-Robert Philippe louvri mikwo yo bay 3 pèsonalite nou prezante 'w la yo pou pèmèt nou genyen yon lide sou deba politik la nan peyi Dayiti e ki jan diferan aktè yo wè sitiasyon an e ki pozisyon yo.

NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat aktik sa a pou n' koute entèviou yo reyalize ak pwofesè syans politik Jean-Robert Simonise, Senatè Edmonde Supplice Beauzile e ak analis politik Robert Bénodin.


XS
SM
MD
LG