Accessibility links

Breaking News

Pati PPRH Pou Eleksyon Nan Peyi Dayiti, Men Akondisyon...


Pati Popilè Renouvo Ayisyen (Parti Populaire Pour Le Renouveau Haïtien, PPRH) vle eleksyon nan peyi Dayiti, men fòk se sou bannyè yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) k'ap dirije pwosesis la.

Kowodonatè PPRH nan Plato Santral la, Mika Brutus, di yo ka chanje pozisyon nan pati a si otorite ayisyen yo pa satisfè egzijans sa a. "Si echeyans Konsèy la pa respekte, eben, pral gen yon lòt pozisyon ki pran, paske mwen menm, mwen pou aplikasyon strik konstitisyon an. Se sa mwen-menm antanke politisyen mwen reklame, e se sa pati politik mwen an ap mande andedan peyi a," Brutus deklare.

Misye Brutus di pati a pap aksepte sa li rele yon "oligarchie" ki pap regle anyen ni pou pèp la ni pou peyi a.

NB: Jacques Jean-Baptiste revize e korije tèks sa a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG