Accessibility links

Breaking News

Gouvènman an Dispoze Nouvo Kat D'Idantite Pou Ayisyen Kap Viv Ozetazuni



Gouvenman ayisyen-an pran dispozisyon pou l ede ayisyen kap viv Ozetazuni san kat d'itantite; se konsa ayisyen sa-yo kapab ale nan konsula-yo pou yo fè dokiman-yo pou yo ka benefisye statu pwoteje tanpore-a (TPS).

Marie Luce Pierre te pale ak Jean Robert Lafortune, prezidan Haitian–American Grassroots Coalition, sou enpotans desizyon sa-a. Misye ap defann dwa imigran ayisyen nan eta Florid.

"M'kwè ke inisyativ sa a merite yon kout chapo bay gouvènman ayisyen an, vu ke li pran responsabilite pou li asiste avèk konpatriyot ki ap viv pa bo isit nan kondisyon justeman de lè mo. Donk avèk mezu TPS, (Temporary Protected Status) donk obtansyon TPS, -- se yon mezu rezidans tanporè -- pou ayisyen kap viv san dokiman pa bo isit, eben sa a limenm li pral pèmèt justeman tout on seri d'ayisyen ki fèt lot kote oubyen ki te gen difikulte pou yo pwouve nasyonalite ayisyèn yo -- eben nou kwè ke mezu kat d'idantite sa a ki ap fèt atravè tout konsula yo Ozetazuni, sa pral pote yon soulajman trè trè trè kritik," misye Lafortune deklare.

XS
SM
MD
LG