Tèm UNESCO chwazi pou komemore Jounen Entènasyonal Laprès la ane sa a se "enpòtans
libète enfòmasyon kòm pati entegral Libète Ekspresyon ak kontribisyon
nan gouvènans demokratik".
Ann Ayiti, UNESCO mete ak plizyè
asosyasyon e ak gouvènman an pou yo òganize yon tabwond kote yo pral' diskite wòl
medya yo ka jwe nan travay rekonstriksyon peyi a apre tranblemann'tè 12 janvye a.
Patisipan yo dwe diskite tou sou
responsablite ak dwa medya yo, nesesite pou gouvènman an ak lòt
oganizasyon yo pataje enfòmasyon avèk medya yo pou yo ka enfòme piblik la.
Jacques
Desrosiers, Sekretè-Jeneral Asosyasyon Jounalis ayisyen, se youn pami oratè ki dwe patisipe nan tabwond la. Misye di jounen jodi a pa gen menas kap
peze sou do laprès.
Nan mesaj Direktè Jeneral UNESCO, Irina
Bokova, pibliye nan okazyon Jounen Entènasyonal Libète laprès la li mande
gouvènman yo, sosyete sivil la, medya yo ak endividi tout kote pou
yo mete ansanm ak UNESCO pou ankouraje libète enfòmasyon tout kote sou
planèt la.
Òganizasyon Nasyonzini te chwazi dat 3 Me a kòm Jounen Entènasyonal Libète laprès an Desanm 1993.
Jacques Jean-Baptiste, revize e korije tèks sa a