Nan Depatman Plato Santral, reyaksyon-yo depaman konsènan vòt ki te fèt nan Lachanm pou bay prezidan Preval dwa pou-l rete sou fotèy boure-a apre 7 Fevriye 2011, sizoka pa ta gen yon nouvo prezidan ki pare pou moute.
Yon pati politik nan opozisyon an pa fè kritik sou pwolongasyon manda
chèf leta a paske li di prezidan an dwe benefisye juris prudans 4 mwa
anvan enstalasyon li an.
Sepandan Pati Popilè Pou Renouvo
Ayisyen nan rejyon sant la kwè premye manda ke nasyon an dwe respekte
echeyans konstitusyon an fè li. Responsab la misye Brutus presize Ayiti
bouke travèse kriz sou kriz --- fòk li jwenn yon chans pou li demare.
"Nou
kwè ke peyi a li bouke! Aprè tranbleman de tè a nou paka pran kriz
politik ankò," Brutus deklare. " Nou pakapab tou retounen ann aryè, se
avan pou'n fè, se devan pou nou gade, donk se pou prezidan an reponn a
obligasyon pou li òganize bon eleksyon pou gen yon nouvo prezidan ki
monte nan peyi a e pou peyi a li kontinye fè chemen ni pou popilasyon
an ki anba tant nan Pòtoprens la pou popilasyon ki nan grangou a kapab
jwenn yon mezèf yon aneme e'm panse ke juskaprezan se sa ki enpòtan
nan kad responsabilite prezidan an limenm li genyen."