Accessibility links

Breaking News

Asosyasyon Antreprenè Atibonit la Pa Dakò ak Pwojè lwa pou Pwolonje Manda Preval la



Vòt palman ayisyen-an fè jedi swa pou’l pwolonje manda prezidan Preval-la kontinye ap domine aktyalite-a nan peyi Dayiti, kote reyaksyon pa sispann tonbe.

Depi vil Gonayiv, korespondan nou, Alfred Jean ap vini ak reyaksyon Asosyasyon Antreprenè Latibonit-la.

Sekretè jeneral asosyasyon antreprenè Atibonit la, Pierre Robert Auguste deklare gwoup li a pa dakò ak pwojè lwa Prezidan republik la, Rene Preval voye bay chanm depute a pou pwolonje manda'l si eleksyon pa gen tan fèt ane sa a.

Misye Auguste fè konnen sa montre a klè chèf leta ayisyen an pral fè tout sa ki posib pou'l pa òganize eleksyon ane sa a pou'l rete sou pouvwa a. Misye egzije pou eleksyon òganize nan dat ki te prevwa a yon fason pou Prezidan Rene Preval kapab remèt pouvwa a bay yono prezidan lejitim.

" Sa ta vle di ke gen yon siyal klè ki lanse la a, ke prezidan an pral fè tout posib li pou ke eleksyon pa fèt pou'l ka rete sou pouvwa a pandan 18 mwa a paske pandan 18 mwa sa a ki pral pase la a, kominote entènasyonal la pral enjekte $5 milya pou yo satisfè bezwen pèp ayisyen e ke gouvènman sa a ki la a kòm ameriken e le mond antye denonse yo kòm yon gouvènman de korupsyon, pral aranje yo pou yo akapare $5 mila sa a," Auguste deklare.

Responsab asosyasyon antreprenè Atibonit la fè konnen li pa dakò tou pou leve kanpe kont prezidan Preval -- fòk li fini manda'l la.

Pandansetan, patizan pouvwa a nan vil Gonayiv di yo apiye lide pou yo ta pwolonje manda chèf leta a.

XS
SM
MD
LG