Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Travay Ap Diskite Sou Eleksyon Ann Ayiti


Nan peyi Dayiti yon gwoup travay pou garanti dewoulman eleksyon onèt nan peyi a fè premye rankont li yè lendi a nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.

Kominote entènasyonal la ak gouvènman ayisyen an deside mete sou pye yon gwoup travay sou òganizasyon eleksyon yo.

Ladan li, nou jwenn manm gouvènman ayisyen an ak kominote entènasyonal e se prezidan René Préval ak reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini ann Ayiti, Edmond Mulet, kap nan tèt komisyon sa a.

Gwoup travay sou eleksyon ann Ayiti an gen ladan Lèzetazini, CARICOM, OEA, Kanada, Inyon Ewopeyèn ak Brezil e li te gen premye rankont li nan Pòtoprens kote yo tap eseye deside kijan yo kapab asire yon bonjan kowòdinasyon nan nivo soutyen kominote entènasyonal la ap bay gouvènman ayisyen an nan preparasyon pwochen eleksyon yo.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat atik la pou koute repòtaj Rotchild François, Jr. reyalize sou tèm sa a.


XS
SM
MD
LG