La polis ann Ayiti tire gaz lakrimojèn pou gaye moun ki tap manifeste
nan kapital la Pòtoprens, pou ekzije demisyon Prezidan René Préval.
Anviwon yon milye moun te manifeste toupre anplasman ansyen Palè Nasyonal la.
Anpil
moun kritike fason prezidan Préval te jere tranblemann'tè 12 Janvye
a ki, non sèlman, detwi kapital la men tou lòt vil peyi a. Plis pase
200,000 moun pèdi la vi yo e yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete.
Manifestan
yo, ansanm ak lidè yo nan opozisyon an, akize prezidan Préval kòmkwa l'ap tranblemann'tè a kòm pretèks pou l' pwolonje manda l' sou
pouvwa a jis nan mwa me 2011 si eleksyon pa dewoule nan fen ane a.
Korespondan
nou Rotchild François Jr di nou sitiyasyon an te malouk nan lari a nan moman
senatè yo tap vote yè apre midi pwojè lwa ki pwolonje manda
Prezidan Préval la.
Lapolis Ayisyen Sèvi ak Gaz Lakrimojèn Pou Kwape Manifestan Nan Pòtoprens
<!-- IMAGE -->