Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manifestan Pran Lari Pou Denonse Lwa Sou Eta Dijans la


Nan peyi Dayiti, manifestasyon ap dewoule divès kote pou denonse lwa sou eta dijans-la.

Gen manifestasyon ki òganize nan plizyè ru nan kapital ayisyèn nan 10 Me, kote opozisyon an ta sanble jwenn yon akò ak diferan asosyasyon nan sosyete sivil la epi òganizasyon politik Fanmi Lavalas la tou, pou denonse yon pwojè lwa ki aktyèlman devan sena a, e ki te jwenn apwobasyon chanm depite a Jedi pase. (Pwojè lwa sa a bay Prezidan Rene Preval dwa pou'l rete sou pouvwa a apre 7 Fevriye 2011, sizoka pa ta gen yon nouvo prezidan ki pare pou moute.)

Yon gwoup manifestan deja mobilize devan Sen Jean Bosco gen yon gwoup ki soti Tabarre pou pase pran Site Solèy, genyen Belair, e genyen tou ki reyuni sou plas Jeremie ki ap fè yon sèl pou pwoteste kont plan Prezidan Preval genyen pou (dapre sa yo di) enstore yon "sistèm diktatoryal" andedan peyi a. Yo di wè pa wè fok 7 Fevriye prezidan Preval kite pouvwa a. Prensipal revandikasyon yo tou sè ke fòk ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide retounen nan peyi d'Ayiti.

Gen yon pakèt anplwaye ki soti APN, Teleco, ki yomenm revoke e yo mande pou leta dedomaje yo e pou leta peye yo aryere salè.

Nan sans sa a youn nan responsab manifestasyon an, Fednèl Mon Cheri eksplike poukisa yo deside pran lari jodia.

"Tout sa ou wè ki nan manifestasyon an se nou'k siyen lèt mwen genyen nan pòch mwen la a, nou jwenn yon anatant avèk tout òganizasyon ki sosyal, Lavalas, mouvman Site Solèy Lavalas yo, Kanape Vè, Kafou Fèy avèk tout platfòm politik ou konnen yo, mouvman peyizan avèk jèn yo, pou nou kapab reponn Rene Preval ki senbolize pou nou yon etranje nan peyi a, kote ke d'abò li fè yon lwa pou'l jwenn 18 mwa dujans -- kounyea li fè yon dezyèm lwa pou li kapab rete sou pouvwa a," misye deklare. "Lè'w konsidere Preval ki pa remèt anyen nan peyi a, li paka jwenn tout bagay sa yo. Donk noumenm n'ap goumen la a pou nou voye Preval ale e nou mande tou pou yo peye revoke yo 36 mwa a ke yo dwe yo. Preval vann tout antrepriz nan peyi a, sa a nou pa kapab aksepte'l."

Pandansetan, lapolis ayisyèn konjwentman ak MUNUSTAH deja ankadre tout zòn nan Pòtoprens pou garanti sekirite non sèlman manifestan yo men garanti sekirite lot sitwayen tou, ki yomenm ap regle aktivite pèsonèl yo.

XS
SM
MD
LG