Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral Adjwen L'OEA Ap Vizite Ayiti


<!-- IMAGE -->


Sekretè-Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, ap vizite kapital ayisyèn nan kote li pral' gen yon chita-pale avèk prezidan René Préval epi manm kominote entènasyonal la, patikilyèman sou dosye eleksyon an.

Selon anbasadè Ramdin, li enpòtan pou Ayiti reyalize eleksyon pou yon nouvo prezidan ka prete sèman ane pwochèn. Misye Ramdin di mesaj li pote sè "fòk gen inite nan mitan klas politik la, an jeneral, pou yo kapab reyalize eleksyon nan peyi a".

Pou sa ki konsène dat eleksyon yo, li fè konnen OEA ap fè tout sa l' kapab pou l' bay èd teknik nan kad reyalizasyon eleksyon sa yo, men li di dènye mo a se nan men ayisyen li ye.


XS
SM
MD
LG