Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Apwouve Pwojè Lwa Ki Pèmèt Prezidan Préval Rete Sou Pouvwa a Apre 7 Fevriye 2011


<!-- IMAGE -->

Sena ayisyen an apwouve lendi 10 me a pwojè lwa ki bay prezidan René Préval otorizasyon rete sou pouvwa a jis mwa me 2011 olye 7 fevriye 2011 si eleksyon prezidansyèl pa dewoule nan mwa novanm ane sa a. Dapre konstitisyon 1987 la manda chèf leta a bout 7 fevriye 2011.

14 senatè vote anfavè dokiman an e 2 asteni yo.

Edmonde Suplice Beauzile ak Youri Latortue, ki fè pati yon ti gwoup senatè ki kont demach prezidan repiblik la, pat patisipe nan seyans lan e yo denonse fason biwo sena a òganize vòt la.

Apre vòt Gran Kò a, lwa a pral' jwenn prezidan Préval pou l' ka siyen e pibliye l' nan jounal ofisyèl repiblik la, Le Moniteur, pou l' ka rantre an vigè.

Antretan, responsab ayisyen ak manm kominote entènasyonal la fòme yon gwoup travay sou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Li genyen ladan reprezantan gouvènman ayisyen an, Karikòm, OEA, Inyon Ewòp la, Nasyonzini, Brezil, Kanada ak Etazini. Misyon li: kòdone apui entènasyonal la pou ede gouvènman ayisyen an prepare eleksyon yo.

Prezidan Préval ak Edmond Mullet, reprezantan espesyal l'Onu nan peyi Dayiti, te nan tèt premye reinyon gwoup la ki diskite sou etap ki dwe franchi pou rive nan eleksyon yo, dapre manman lwa peyi Dayiti. Yo te debat anpil pwoblèm lojistik ki poze pou vòt la apre tranblemann'tè 12 janvye a, tankou enskripsyon elektè yo ak lis elektoral yo ki merite reyaktyalize. Minustah ak manm gwoup travay la pwomèt gouvènman ayisyen an tout apui teknik e lojistik li bezwen pou prepare eleksyon sa yo.

XS
SM
MD
LG