Accessibility links

Breaking News

Rene Preval, Kandida Pati Lespwa, Ap Mennen avèk 49,10 Pou San Vòt yo


Kontaj ofisyèl--- men ki pa definitif-- apre kontaj 75,81 pou san bilten yo montre ansyen prezidan René Préval toujou devan nan kouss pou chèz palè nasyonal la. Myse Préval--ansyen premye minis e èks prezidan Pati Lavalas prezidan dechouke, Jean-Bertrand Aristide-la--prezante l' nan eleksyon 7 fevriye 2006 yo sou banyè pwòp Pati pa li (LESPWA)

Dapre rezilta Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pibliye sou sit entènèt ofisyèl li a http://www.cep-ht.org/, msye Préval ranmase 49,10 pou san vwa yo e rival ki pi pre li a, Leslie François Manigat, kandida Pati RDN (Rasanbleman Demokrat Nasyono Pwogresis) rekòlte 11,72 pou san. Apre 2 ansyen prezidan-kandida yo genyen Jean Marie Charles Hanry Baker avèk 8, 2 pou san, Jean Chavannes Jeune: 5,18 pou san, Luc Mesadieu:3,13 pou san epi rès kandida yo ansanm ki reyalize apeprè 23 pou san. Rezilta pa ti miyèt KEP a te mete sou sit entènèt la vandredi te montre kandida Lespwa a avek 50, 26 pou san vwa yo e kandida RDNP a te genyen 11, 41 pou san.

Si msye Préval pa resevwa 50 pou san vwa yo +1 li pral oblije ale nan yon dezyèm tou le 19 mas ak msye Manigat kap talonnen li nan kouss la. Sepandan, depi samdi 11 fevriye a patizan ak sipòtè Lavalas nan katye popilè kapital la, Pòtoprens (pami yo, Site Solèy) te pran lari pou denonse Konsèy Elektoral Pwovizwa a yo sispèk kap fè mannigèt pou voye kandida yo a nan 2 tou.

XS
SM
MD
LG