Accessibility links

Breaking News

Prezidan George Bush ap Delivre Madi Swa Mesaj li sou Eta Unyon an


Prezidan George Bush pral fè diskou sou eta inyon an vè 9 vè madi swa nan moman lap fè efò pou piblik ameriken an remete konfyans nan lidèchip li, yon lidèchip ki sibi kèk gwo bès nan sondaj dopinyon yo.

Yon pòt-pawòl La Mezon Blanch fè konnen misye Bush pral kòmase mesaj la ak priyorite gouvènmann nan nan donmèn afè etranjè a; answit li pral abòde pwoblèm ki poze sou plan nasyonal la, epi pou l fini, prezidan an pral touche kesyon ki gen rapò ak prensip ameriken yo e avèk konpasyon.

Pou kan demokrat la, se gouvènè eta Virjini an, Timothy Kaine, ki pral reponn mesaj prezidan an. An atandan, lidè minorite a nan chanm dè reprezantan an, Nancy Pelosi, fè konnen Prezidan Bush pral bezwen fè ouvèti nan direksyon opozisyon an, nan mesaj aswè a.

Nap siyale afilye nou yo ke Lavwad Lamerik ap mete diskou sa a sou lèzond an Fransè, sou frekans satelit li a.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou diskou prezidan Bush sou eta inyon an.

XS
SM
MD
LG