Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kanpay Elektoral la Bout San Vyolans Men Gen Krent Pou Jou Vòt la


Ayiti-Eleksyon: kanpay pou prezidansyèl ak lejislativ yo fèmen ofisyèlman dimanch swa. Anvwaye spesyal nou Jean Robert Philippe di nou Konsèy Elektoral Pwovizwa a gen asirans vòt demen an pral byen dewoule e se pral yon premye pa nan direksyon solusyon pwoblèm peyi dAyiti.

Pou sa ki konsène sekirite eleksyon yo, otorite ayisyen yo ak MINUSTAH bay garanti tout bagay sou kontwòl, dapre korespondan nou Jn-Pierre Leroy.

Nan vil Okap, patizan René Préval yo rejte akizasyon yon sitwayen ki nan kan Alyans Evans Paul la, kòmkwa bandi te ouvè kout zam sou yon gwoup patizan msye Paul pandan ansyen majistra a t'ap boukle kanpay li nan Nò peyi a. Yvan Martin Jasmin gen detay.

Pandansetan, divès sektè ap lanse apèl pou mande pèp la vote an mas e vote nan lapè. Kanta lidè pati UNION an, Rev. Chavannes Jeune, li mande kandida yo ak piblik la aksepte rezilta vòt 7 fevriye a pou Ayiti ka soti nan tchouboum li twouve l' depi lontan an, amwenske ta gen prèv klè ke eleksyon yo pat bon. Korespondan nou nan vil Okay se Jn-Ernst Eliscar.

Kidonk la a, sanble fwa sa a se pou tout bon, eleksyon yo pral fèt. Yves Mompremier di nou tout moun ap envoke sa yo kwè pou sove peyi a anba men bandi ki ta kapab pwofite okazyon an pou yo fè san pèp la koule, malgre mezi sekirite responsab yo pran. Pwotestan nan eta Florid menm dekrete yon jounen jèn anfavè Ayiti. Koute repòtaj li a.

Si ou vle tande tout detay nouvèl sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG