Accessibility links

Breaking News

Entènèt ak Politik Ayisyen


Nan mwens ke yon semèn, pèp ayisyen an pral vote pou li chwazi yon prezidan ak yon palman. Pandan tout kanpay politik sa a, enfliyans Entènèt la te parèt aklè, sitou nan deba ki te fèt sou ka Dumarsais Siméus la, pa egzanp.

Yon moun ki abitye navige sou rezo mondyal enfòmatik la, e ki enterese nan aktyalite politik la, pa menm bezwen fè efò pou li wè yo bonbade li chak jou ak tout kalte enfòmasyon, kòmantè, analiz, pwopagann tout sektè, swa atravè kourye elektwonik dirèk, swa atravè forum, oubyen sit web spesyalize. Nou mande fondatè e responsab yon sit ayisyen, InfoHaiti.net, ede nou konprann enpòtans teknoloji sa a nan kanpay 2005-2006 la ann Ayiti.

Yon lòt kote, Yves Cajuste wè yon enpak siyifkatif tou pou Entènèt la nan domèn edukatif la.

Nou kapab tcheke sit Yves Cajuste la, infohaiti.net, pou nouvèl, analiz, repòtaj foto ak plis ankò, chak jou, apati de katye-jeneral li ki nan Brockton, Massachusetts. Syans ak Teknoloji pase chak lendi maten sou Lavwadlamerik avèk mwen-menm Chérubin Dorcil.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande ti koze nou an ak Yves Cajuste.


XS
SM
MD
LG