Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Kominote Entènasyonal la ap Bat Bravo Malgre Anpil Pwoblèm Teknik


Sekretè-Jeneral L'OEA a, José M. Insulza, fè kwè li satisfè ak eleksyon 7 fevriye yo nan peyi d Ayiti e li espere se pral kòmansman solisyon pwoblèm nasyon karayibeyen sa a.

Vrèman vre, korespondan laprès yo, ni Ayisyen ni etranje, rapòte yon patisipasyon an mas popilasyon an, sepandan responsab yo pat ofri òganizasyon ki te nesesè e ke yo te pwomèt pou bon dewoulman vòt la. Anpil moun te pase plizyè èdtan sou ran, nan solèy, ap tann pou yo vote, men konsa tou anpil pat rive akonpli devwa sivik yo.

Nouvèl yo rapòte kèk ka lanmò, pami yo 2 nan kapital la ak 2 nan depatman Latibonit.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w ka tande repòtaj anvwaye spesyal nou Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG