Tennis
Swis Roger Federer kalifye pou final tounwa tenis Open Ostrali a gras ak yon viktwa an 4 manch li ranpòte devan alman Nicolas Kiefer 6-3, 5-7, 6-0, 6-2 pou l al rankontre ak Chipriyòt Marco Baghdatis nan final la ki fikse pou Dimanch. Bò kote medam yo Bèlj Justine Henin Hardenne pral boukante rakèt ak franse Amelie Mauresmo nan final la ki fikse pou demen Samdi a.
NBA
Orlando Majik te bezwen pwolongasyon pou l kale Philadelphia 76ers 119 a 115. Alman Dirk Nowitzki make 29 pwen e trape balon an 12 fwa pou ranpòte yon viktwa tou mens devan Seattle Supersonics 104 a 97. Phoenix Suns tronse Miami Heat 107 a 98.
Football
Tunizi ak Guine kalifye pou kar de final tounwa tenis Koup dAfrik dè Nasyon an kap dewoule nan vil Kèr an Ejipt. Guine kalifye gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Zambi aloske Tunizi make 2 gòl pou l kale Afrik du Sud 2 a 0 ki elimine ansanm ak Zambi. Group D a ap antre nan won jodi a lè Gana ap rankontre ak Senegal epi Nijerya kont Zimbabwe. Se jodi a tiraj osò elimnatwa koup dEuròp dè Nasyon dewoule kote nou jwen la Frans nan menm group ak la Itali, Ukrèn, Ekòs, Lituani, Jòrji ak Il Feroe nan group B a. Group D a gen Almay, Republik Tchèk, Slovaki. Group F la gen ladann Swèd, Espay ak Danmak. La Grès ki se chanpyon sòtan an, ansanm ak Turki ak Norvèj. 50 peyi ap patisipe nan faz eliminatwa a kap kömanse 2 Septanb. 2 premye nan chak group ap kalifye pou faz final la Euro 2008 la kap dewoule an tadè m ant la Swis ak Otrich.