Sipèsta Rihanna asiste pou dezyèm jounen afile pwosè patnè li rapè A$AP Rocky e li posib chantez la eklipse yon temwayaj kle nan pwosè a.
Rocky ap fè fas ak 2 akizasyon kriminèl pou atak ak yon zak a fe semiotomatik. Li taka gen pou l pase jiska 24 an nan prizon si yon jiri jwenn li koupab.
Nan moman Rihanna tap suiv pwosè a nan tribinal la anba lavil Los Angeles Mèkredi, ansyen zanmi Rocky a ak akizatè li a te temwaye ke Rocky te rale yon zam, tire l epi blese men li pandan li te kanpe sou yon boulva nan Hollywood an 2021.
Nèg la, ke fanatik yo konnen kom A$AP Relli ap reponn kestyon avoka defans la Jedi.