Accessibility links

Breaking News

Rihanna Pwomèt yon Spektak Chaje ak Bon Bagay Pandan Super Bowl la


Rihanna poze pou yon foto apre yon konferans pou lapres kote li pale de spektak li pral prezante nan mitan chanpyona foutbol Ameriken an - Super Bowl la, 9 Fevriye 2023.
Rihanna poze pou yon foto apre yon konferans pou lapres kote li pale de spektak li pral prezante nan mitan chanpyona foutbol Ameriken an - Super Bowl la, 9 Fevriye 2023.

Rihanna ap travay di sou spektak li pral prezante nan mitan Super Bowl la, ki se chanpyona foutbòl zepòl kare a, Dimanch kap vini an.

Vedèt la, kap prezante premye spektak li depi 7 an, di li tèlman ap travay di sou spektak la ke li prèske bliye fèt li ak fèt Sen Valanten ap pwoche.

Pandan yon konferans pou laprès Jedi, anvan chanpyona ki pral mete ekip Philadelphia Eagles fas ak Kansas City Chiefs --Rihanna deklare pèfòmans li "te dwe fèt kounyea" e li ajoute an fen - "kèlkeswa sak pase - si li reyisi oubyen li pa reyisi - fòk mwen kapab aksepte l."

XS
SM
MD
LG