LOS ANGELES —
Sipèsta Rihanna fè premye parèt li nan tribinal nan kad pwosè patnè li rapè A$AP Rocky.
Koup la gen 2 timoun ansanm. Yo te rive ansanm nan tribinal la anba lavil Los Angeles Mèkredi maten.
Rapè a ap fè fas ak 2 chèf akizasyon lajistis pou krim. Yo akize l komkwa li tire sou yon ansyen zanmi ak yon zam a fe semi-otomatik. Si yon jiri kondane l li taka oblije pase jiska 24 an nan prizon.
Rihanna te suiv pandan ansyen zanmi A$AP Rocky tap temwaye. Misye rakonte kijan Rocky te rale yon zam sou li, tire epi blese l nan men pandan li te kanpe nan lari Hollywood an 2021.