Accessibility links

Breaking News

OEA Eksprime Kè Sote li pou Ensekirite a an Ayiti


FILE - The Organization of American States (OAS) headquarters in Washington DC, Sept. 22, 2023.
FILE - The Organization of American States (OAS) headquarters in Washington DC, Sept. 22, 2023.

Sekretarya Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, l OEA, eksprime "gwo kè sote" li genyen pou ensekirite a an Ayiti.

Nan yon deklarasyon li pibliye Lendi 4 Mas la, sekretarya jeneral la di: " Li pi nesesè ke jamè pou apiye jefò kowoperatif kap fè nan Nasyonzini pou retabli sekirite nan peyi a. Li iresponsab ke mezi ak aksyon ki nesesè yo toujou ap trennen."

Li kontinye pou di "san sekirite pap gen demokrasi".

L OEA refime sipò li pou pèp Ayisyen an ak dyaspora a epi di li pare pou kolabore pou pwomouvwa yon solisyon ki "avanse pwosesis demokratizasyon an" epi garanti respè pou dwa moun nan yon konteks pezib.

XS
SM
MD
LG