Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Sitwayen Ameriken Kite Ayiti


Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024
Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024

Lèzetazini mande tout sitwayen Ameriken ki an Ayiti pou yo pati kite peyi a "pi vit posib" apre zak vyolans yo te ogmante pandan wikèn nan. Dapre otorite yo plis pase 15,000 moun te kouri kite katye yo akoz gwo tire nèg ame yo ki te kaze pi gwo penitansye peyi d Ayiti an palan de Penitansye nasyonal.

Gen plis pase yon milyon Ayisyen kap viv Ozetazini. Anbasad Amerikèn di li pral opere pandan kèk hè d tan sèlman Lendi. Kanada limenm di lap fèmen anbasad li an Ayiti pwovizwaman.

Nouvel sa a fini apre gouvenman Ayisyen an deklare yon eta dijans Dimanch swa pou reponn ak afwontman ant neg ame ak polis nasyonal la ki te andomaje kominikasyon epi lakoz plizye milye prizonye - kouri chape penitansye nasyonal la.

Pandansetan chef alyans gang puisan G9 la Jimmy Cherizier anonse objektif "revolisyon" li an se dechouke premye minis la.

Premye Minis Ariel Henry, ki pa eli e ki te monte sou pouvwa a apre asasina Prezidan Jovenel Moise, te vwayaje nan peyi Kenya semen pase a pou siyen yon ako pou pemet fos Kenyan yo dirije yon fos miltinasyonal pou ede Ayiti jere zak vyolans gang yo.

Ant Jedi ak Samdi semen pase a, Nasyonzini estime yon afe de 15,000 moun te oblije kouri kite kay yo - pami yo sak tap viv nan abri yo te tabli sou plas piblik, nan lekol, ak lopital ozalantou Potoprens.

Nasyonzini te estime pi bone ane sa a ke plis pase 300,000 Ayisyen te kouri kite kay yo akoz konfli ame gang yo, ki te lakoz 5,000 moun te mouri ane pase a.

XS
SM
MD
LG