Accessibility links

Breaking News

Etazini Kondane Jefò kap Fèt pou Destabilize Ayiti


Anplwaye konpayi elektrisite Ayiti a travay pou etenn dife manifestan mete nan biwo a pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 1 Mas, 2024.
Anplwaye konpayi elektrisite Ayiti a travay pou etenn dife manifestan mete nan biwo a pandan yon manifestasyon pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 1 Mas, 2024.

Yon pòtpawòl Depatman d Eta di VOA nan yon deklarasyon li voye ba nou pa email "Etazini ap veye sityasyon an de pre e nou kondane jefò moun kap aji nan pwòp entere pa yo ap fè pou destabilize Ayiti."

Pòt pawòl la fè konnen Etazini ap travay ak pati prenant yo an Ayiti pou jwenn yon solisyon pou kriz politik la. Li reitere bezwen ki egziste pou yon gouvènman eli - yon bagay ki pa egziste depi plis pase 2 zan e ke Depatman d Eta dekri tankou "two lontan". Li ajoute Etazini kanpe fèm ak kominote entènasyonal la pou pote kole ak Ayisyen kap mande "pwogrè ijan" nan pwosesis pou prepare eleksyon ki "enkliziv ak kredib".

Pa rapò ak Fos Sekirite Miltinasyonal la (MSS) pòt pawòl la fè konnen Etazini ap "planifye aktivman" pou voye misyon an an Ayiti pou ede fòs polis nasyonal la fè fas ak ensekirite a ki "terib".

Pòt pawòl la fini pou di "amelyorasyon nan ensekirite a esansyèl pou ka gen eleksyon lib e onèt nan yon espas tan ki rezonab."

XS
SM
MD
LG