Accessibility links

Breaking News

Kenya ak Ayiti Siyen yon Akò sou Sekirite


Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.
Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.

Kenya ak Ayiti siyen yon akò sou sekirite Vandredi nan Nairobi, ke gouvènman Kenyan an espere va satifè demann yon tribinal lokal te fè lè li te deside bloke plan pou voye 1,000 polisye peyi a an Ayiti pou patisipe nan yon misyon sekirite. Misyon sila a, ke Nasyonzini apwouve, vize ede fòs polis nasyonal Ayiti (PNH) jere zak vyolans gang yo. Tribinal la te bloke plan an paske li te di ke li enkonstitisyonèl.

Kenya te premye peyi ki te volontye pou kontribye 1,000 polisye nan fos miltinasyonal la pou reponn apl gouvenman Ayisyen an te fe pou LONU voye sipò entènasyonal pou ede l konfwonte gang yo.

Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.
Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.

Sepandan nan mwad Janvye a Kou Siperyè Kenya a te bloke plan an. Tribinal la te di sèl fason pou yo pouse pou pi devan ak plan sa ase si gen yon "akò resipwòk" ant 2 peyi yo.

Pandan yon seremoni nan Nairobi Vandredi, Prezidan Kenyan William Ruto te kanpe bò kote Premye Minis Ayisyen Ariel Henry epi fè konnen 2 gouvènman yo siyen yon "enstriman resipwòk" pou pèmèt deplwaman an fèt. Ruto di tou ke yo te diskite sou pwochen etap ki va pèmèt deplwaman fos la fèt rapidman.

"Nap reponn konsa paske se sa noudwe fe se sa ki bon pou limanite, se sa kretyen vivan ka fe pou kretyen vivan parey yo. Donk nou tre fye nan moman sa a kote nap siyen ako a. Nou se temwen denye etap la nan repons pep peyi d Ayiti mande ansanm ak timoun, fanm, sosyete sivil ak pep Ayisyen an an jeneral mande."

Premye Minis Ariel Henry te pran la pawol tou.

"Sa misyon sa a fe se bay Ayiti espwa pou lavni. Espwa pou kretyen vivan. Espwa pou Ayisyen ki paka we yon avni - mwen pap di pou ane kap vini an men yo paka menm we kijan yo pral rete vivan demen. Kijan yo ka tounen lakay yo sen e sof. Yo pa konnen si yo ka kite lakay yo epi tounen sen e sof. "

Anons la fèt yon jou apre zout zam te marye toupatou nan kapital Ayisyen nan, Pòtoprens Jedi.

Premye Minis Ariel Henry ak Prezidan Kenyan William Ruto nan Nairobi, Kenya, 29 Fevriye, 2024.
Premye Minis Ariel Henry ak Prezidan Kenyan William Ruto nan Nairobi, Kenya, 29 Fevriye, 2024.

Gang yo te antre nan lese frape ak lapolis epi boule plizyè komisarya ak atake ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la.

Lidè gang G9 an Alye ak Fanmi an, Jimmy Cherizier (alyas "Barbecue") di VOA tout gang yo ini e ke yap lanse yon "revolisyon". Prensipal objektif operasyon sa a, dapre Cherizier se dechouke Premye Minis Ariel Henry epi anpeche l retounen an Ayiti.

"Jodia zam nan pa pou moun - ti machann anba lavil lan. Jodia nap dechouke Ariel, nap dechouke politisyen santi yo, apre sa pou n pase pran oligak koronpi yo epi pou nou ale ve yon lot Ayiti - yon Ayiti reyel, yon Ayiti ki gen travay, yon Ayiti ki gen manje, yon Ayiti ke nou tout nou fye pou di ke nou se Ayisyen."

Misye di tou ke gang yo patapral sible popilasyon an nan afwontman ame yo sepandan jounalis VOA nan Potoprens pale ak plizye moun ki te blese pa bal nan afwontman gang yo ak lapolis Jedi epi yon gang te pran daso yon otobis ki tapral nan rejyon no peyi a. Yo te kite pasaje yo ale pi ta apre yo te pran lajan nan men yo.

Paran yon viktim ki te akonpaye l lopital pou pran premye swen te bay detay sou blesi li resevwa.

"Li pran bal la nan pye sou do vant li epi nan chouchoun li, nan kuis li - pliske 5 ou 6 bal. Madam Yverose Macelus."

Jounalis VOA a yo di kout zam te chante pandan tout nuit la e ke maten an te gen tire tou. Yo konstate mwens moun nan lari kapital la, Vandredi.

Korespondan VOA nan Nairobi, Kenya, Mariama Diallo Korespondan VOA Kreyol nan Potoprens Matiado Vilme, Yves Manuel ak Renan Toussaint kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG