Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 5 Peyi Konfime Patisipasyon yo nan Fòs Kenya ap dirije a


Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.
Seremoni siyati ako bilateral ant Ayiti ak Kenya pou otorizasyon fos miltinasyonal pou ede PNH la jere zak vyolans gang yo, nan Nairobi, kapital Kenya, 29 Fevriye, 2024.

5 peyi enfòme LONU ke yo ap voye moun al patisipe nan fòs miltinasyonal la ki gen Kenya nan tèt li pou ede lapolis goumen kont gang ann Ayiti, e pami peyi sa yo gen Benen ki ap voye 1.500 gason, se sa pòtpawòl sekretè jeneral la rapòte.

Stéphane Dujarric di: "Mwen ka konfime ke yè 28 fevriye nou te resevwa konfimasyon ofisyèl nan Benen sou entansyon li pou bay moun pou sipòte misyon an".

Sa gen kèk jou, Anbasadè Ameriken nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield te anonse ke Cotonou pare pou ofri jiska 2,000 òm.

Stéphane Dujarric di: “Kounye a, nou resevwa anons gouvènman sa yo pou di yo ap bay fòs sekirite yo pou misyon an: Bahamas, Bangladèch, Barbad, Benen ak Chad.

Fòs sa yo pral fè pati misyon miltinasyonal ki pwal chache ede lapolis konbat vyolans gang yo. Konsèy Sekirite Nasyonzini an te bay akò li an Oktòb pou voye yon misyon miltinasyonal ann Ayiti ki gen nan tèt li Kenya.

Men, se tann tout moun ap tann deplwaman fòs la, apre yon tribinal nan Nairobi te bloke, nan fen mwa janvye, efò Kenya pou voye 1,000 polisye nan misyon an.

Sitiyasyon imanitè ak sekirite a kontinye ap vin pi malouk ann Ayiti, anba ravaj gang ki kontwole yon gwo pati nan kapital la Pòtoprens ak wout ki mennen nan rès teritwa a.

Nan kòmansman mwa janvye a, Sekretè Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres, te di ke li tris anpil lè li tande vyolans gang k ap ravaje peyi a rive nan nivo ekstrèmman grav, e li fè konnen kantite moun ki te pèdi lavi an 2023 te double chif ane anvan an, e ke ane pase prèske 5,000 moun te mouri, pami yo 2,700 sivil.

XS
SM
MD
LG