Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Prizonye Penitansye Nasyonal Swa Chape, Swa Mouri Apre Afwontman ant Lapolis ak Gang yo


Prizonye rasanble andedan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.
Prizonye rasanble andedan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.

Plizyè milye prizonye ki te fèmen nan Penitansye Nasyonal Potoprens la swa mouri, swa chape pandan yon afwontman and polisye nasyonal ki tap veye prizon an ak gwoup sivil ame yo.

Yon enjenyè kap ede PNH la ki t al fè konsta Dimanch maten di VOA gen 99 prizonye ki rete sou yon total 4,000 ki te fèmen nan prizon an.

"Sak rete yo se dè moun ki malad, de moun ki te nan dispansè ki te malad," li di VOA.

Kadav Epapiye Pasi-Pala Devan ak Andedan Penitansye Nasyonal Pòtoprens la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:55 0:00

Pandansetan, li poko kle ki kote Premye Minis Ariel Henry twouve l aktyelman. Henry te vwayaje nan Afrik de Lès, pi presizeman nan Kenya, kote li sot siyen yon akò pou otorize deplwaman 1,000 polisye Kenyan an Ayiti pou ede fòs polis nasyonal la (PNH) konbat zak vyolans gang yo, epi retabli sekirite.

Jounalis VOA nan Nairobi mande biwo prezidan Ruto si l ka di nou ki kote premye minis Ayisyen an ye, nou poko jwenn repons.

Jounalis VOA Kreyol ki ale nan penitansye a te wè plizyè kadav ki epapiye pasi pala devan ak andedan penitansye a. Nou pale tou ak prizonye ki blese. Yon prizonye ki di li te blese nan zon 9h Samdi swa tap soufri akoz yon bal li pran nan bra. Li di nou li pako resevwa okenn swen medikal.

Nap raple ke penitansye nasyonal la te gen plizyè prizonye wo pwofil tankou pa egzanp ansyen prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy, Joseph Felix Badio, youn nan sispèk kle nan asasina Prezidan Jovenel Moise la, dwòg dilè Clifford Brandt, ansyen majistra Jacmel Macky Kessa, ak Marcelin Myrthil (ke moun konnen kom Arab la).

Enjenyè ki pale ak VOA di nou yo te wetire Brandt anvan afwontman an.

"Non Brandt pa la, yo te wetire l nan prizon an mete l lot kote," misye di nou. Kanta pou Arab la, li di nou "li yon kote sekiritè. M poko ka di w ki kote li ye." Enjenyè a di komisè lapolis la va fè suivi a.

Sityasyon Penitansye Nasyonal Dimanch 3 Mas
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:02 0:00

Yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo ke VOA Kreyol wè men ke nou pa rive konfime otantisite li, montre polisye Ayisyen kap transfere Brandt soti nan penitansye a pou mete l nan yon machin PNH.

Penitansye a genyen ladann tou plizyè pami mèsenè sispèk Kolonbyen ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise la. VOA Kreyol pale ak kèk nan yo.

Solda Kolonbyen yo Esplike Poukisa yo Pa Chape Penitansye Nasyonal Pòtoprens la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:14 0:00

Yon prizonye ki idantifye tet li kom Francisco Eladio Uribe di nou nan lang panyòl: "Mwen pa chape yè swa paske mwen pa dwe anyen, mwen inosan. Mwen vini nan peyi sa a pou m travay, pou chache yon avni miyò pou fanmi mwen, se konsa mwen pran nan pyèj konpayi ameriken ki rele CTV a. Mwen pran nan pyèj yo e se sak lakoz mwen nan sityasyon sa a."

Misye te ak yon gwoup prizonye Kolonbyen ki montre nou kondisyon deplorab yap viv andedan penitansye a epi lanse apèl bay gouvenman Kolonbyen an ak piblik la an jeneral pou ede yo.

Otorite Ayisyen yo poko fè komantè sou sak pase nan penitansye a.

Yon machin ki boule devan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.
Yon machin ki boule devan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.

Yon rapò Human Rights Watch te pibliye an 2022 sou sityasyon prizon Ayiti yo te jwenn penitansye a sichaje, prizonye yo pa resevwa manje ak dlo potab, e ke movez eta enfrastrikti sanite a ekspoze prizonye yo a maladi mòtel tankou COVID-19, tibekiloz, SIDA ak lòt maladi ankò.

Done World Prison Brief, yon òganizasyon ki etidye sityasyon prizon toupatou nan mond lan te pibliye an 2020, te jwenn kantite prizonye yo te depase pa 302% kapasite ofisyel yo ta dwe genyen.

Chef gang G9 Fanmi ak Alye a, Jimmy Cherizier te anonse pi bone nan semen nan yon "revolisyon" pou dechouke Premye Minis Ariel Henry.

Etazini kondane jefò kap fet pou destabilize Ayiti nan yon deklarasyon pòt pawòl Depatman d Eta voye pa email bay VOA.

Li di: "Etazini ap veye sityasyon an de pre e nou kondane jefò moun kap aji nan pwòp entere yo ap fe pou destabilize Ayiti."

XS
SM
MD
LG