Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Liv Rakonte Istwa BTS


Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, Jin, Jung Kook, RM, Jimin, ak J-Hope.
Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, Jin, Jung Kook, RM, Jimin, ak J-Hope.

Pawòl anpil ki tap fet sou kile yon liv ki poko gen tit pral soti debouche sou yon anons ki pral bay fanatik BTS yo kè kontan.

Konpayi liv Flatiron Books anonse li pral pibliye yon liv sou gwoup mega-popilè Sid Koreyen BTS la nan sezon ete a.

Liv la rele "Beyond the Story: 10-Year Record of BTS" - savledi o dela de istwa a, dosye 10-zan BTS. Li gen 544 paj e se jounalis Myengseok Kang ki ekri l. Liv la ap disponib pou achte apati 9 Jiyè.

Anvan anons lan gen moun ki te panse liv ki pa gen tit la tapral bay zen sou Taylor Swift - e sa te lakoz li te pami liv ki pi popilè e ki van plis kopi davans sou sit Amazon ak Barnes and Noble.

XS
SM
MD
LG