Accessibility links

Breaking News

J-Hope Tounen 2èm Manm BTS ki Antre nan Lame Kore di Sid


Foto Achiv: J-Hope, yon manm gwoup K-Pop popile BTS poze pou yon foto pandan yon konferans pou entwodui nouvo albom gwoup la "BE" nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.
Foto Achiv: J-Hope, yon manm gwoup K-Pop popile BTS poze pou yon foto pandan yon konferans pou entwodui nouvo albom gwoup la "BE" nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.

J-Hope, yon manm gwoup K-Pop popilè BTS, tanmen sèvis militè li - ki se yon egzijans pou tout gason nan Kore di Sid. Enskripsyon obligatwa a dire 18 mwa.

J-Hope - vre non li se Jung Ho-seok, se dezyèm manm BTS ki enskri nan lame.

Hybe Corp, konpayi ki jere BTS, fè konnen atis la, ki gen 29 an tanmen sèvis li Madi.

Nan mwad Desanm pase a, manm BTS Jin te tounen premye manm gwoup la ki enskri nan lame a apre yo te revoke deman li te fè pou ranvwaye sèvis li.

Koze enskripsyon militè a soulve gwo deba chofe nan Kore di Sid an 2022 sou kestyon a savwa si leta ta dwe ofri egzanpsyon espesyal pou manm gwoup BTS yo.

Sepandan Hybe Corp te anonse ke tou le 7 manm gwoup la tapral fè sèvis militè yo.

Atis BTS J-Hope Tanmen Sèvis Militè li
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:02 0:00

Videyo chèn televizyon Sid Koreyen filme Madi apremidi montre yon kamyon nwa ki tap transpòte J-Hope nan kan militè ki sitye nan vil Wonju a, a yon distans 90 kilomèt a lès vil Seoul.

Plizyè douzèn fanatik te sou plas e yo te kenbe gwo foto J-Hope epi ekri mesaj espwa ak bon chans pou li.

Otorite yo te mobilize solda ak polisye pou mentni lòd la men yo pa rapòte okenn ensidan.

Big Hit Music te mande fanatik BTS yo ki rele tèt yo "Army" pou yo pa vin nan zòn nan pou rezon sekirite.

J-Hope voye yon mesaj bay fanatik yo pou di: Mwen renmen nou Army. N a wè byento. Li pibliye mesaj la sou platfòm fanatik yo an liy ki rele Weverse ansanm ak yon foto kote tèt li raze.

XS
SM
MD
LG