Maria Lvova-Belova ki se Komisyonè Larisi pou dwa moun t ap pale sou yon koneksyon video nan yon reyinyon ki pa ofisyèl Konsèy Sekrite l-ONU an, reyinyon ke anbasadè peyi loksidan yo te bòykote.
Tribinal Penal Entènasyonal la, mwa pase, te mete manda arestasyon dèyè li-menm ak Prezidan ris Vladmir Putin anba akizasyon kòmkwa yo ta depòte timoun ki t ap viv Ikrèn.
Larisi te fè reyinyon Mèkredi a pou kontrekare akizasyon sa yo ke li kalifye kòm dezenfòmasyon sou timoun Ikrenyen yo.