Accessibility links

Breaking News

LaRisi Gen Plan Òganize yon Reyinyon Konsèy Sekirite


Russia United Nations Ambassador Vassily Nebenzia listens before the U.N. General Assembly vote in favor of a U.N. resolution calling for a cessation of hostilities after Russia's invasion, Feb. 23, 2023 at U.N. headquarters.
Russia United Nations Ambassador Vassily Nebenzia listens before the U.N. General Assembly vote in favor of a U.N. resolution calling for a cessation of hostilities after Russia's invasion, Feb. 23, 2023 at U.N. headquarters.

LaRisi gen plan òganize yon reyinyon Konsèy Sekirite l-ONU nan koumansman mwa Avril la sou sa, li di, ki se « vrè sityasyon » timoun Ikrèn ke li te mennen nan LaRisi, yon sijè ki te atire atansyon apre Tribinal Penal Entènasyonal la te anonse, vandredi, yon manda arestasyon pou Prezidan ris Vladimir Putin pou krim lagè ki gen rapò ak timoun sa yo.

Anbasadè LaRisi nan l-ONU Vassily Nebenzia di nan yon konferans pou laprès lendi ke LaRisi te deja planifye reyinyon ak konsèy la lontan anvan tribinal la te anonse manda a. LaRisi ap responsab prezidans konsèy la nan mwa Avril Ki ap vini.

Anons sou manda a pou Putin ak Maria Lvova-Belova, ki se komisè pou Dwa Timoun nan Biwo Prezidan Federasyon Ris la, se yon aksyon ke Ikrèn byen akeyi kòm yon premye pa pou fè LaRisi pote responsablite, dapre sa li di, pou krim ki te fèt apre envazyon Fevriye 2022 a. Moskou voye jete pawòl manda a. LaRisi pa youn nan 123 peyi ki fè pati tribinal sa a. Konsa Moskou konsidere aksyon an kòmkwa li pa gen “okenn valè legal » e ke se yon « derespektan ».

XS
SM
MD
LG