Accessibility links

Breaking News

Putin Fè Konnen Ke Larisi Pral Estasyone Zam Nikleyè Taktik nan Byelorisi


FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin meets with Belarusian President Alexander Lukashenko outside Moscow
FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin meets with Belarusian President Alexander Lukashenko outside Moscow

MOSCOU (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin anonse ke peyi li gen plan mete zam nikleyè taktik kay vwazen li Byelorisi.

Putin di ke mouvman an se yon repons pou desizyon ke Grann Bretay te pran semèn ki sot pase a pou voye bay Ikrèn minisyon ki gen iranyòm apovri.

Nan yon entèvyou ki pase Samdi sou televizyon leta Ris, Putin di Larisi ap kenbe kontwòl sou zam nikleyè taktik ke li pwal estasyone nan Byelorisi.

Li di enstalasyon depo yo pral fin fèt 1er jiyè pou pita, men li pa di konbyen zam ki ap nan yo.

Li di Larisi ap suiv ekzanp Etazini ki gen zam nikleyè taktik tou ki baze ann Ewòp.

XS
SM
MD
LG