Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande yon Rankont Dijans LONU pou Diskite sou Plan Nikleyè Putin nan


Solda Ikrenyen plwaye drapo nasyonal la sou sekey kanmarad yo pandan fineray li nan vil Kyev, Ikren, Samdi 25 Mas, 2023.
Solda Ikrenyen plwaye drapo nasyonal la sou sekey kanmarad yo pandan fineray li nan vil Kyev, Ikren, Samdi 25 Mas, 2023.

Gouvènman Ikrenyen an mande konsèy sekirite LONU oganize yon rankont dijans pou "kontre chantaj nikleyè Kremlen an" apre Prezidan Larisi Vladimir Putin revele plan li genyen pou l estasyon zam atomik taktikal nan Byelorisi.

Yon responsab Ikrenyen deklare Dimanch ke Larisi "pran Byelorisi kom otaj nikleyè".

Sepandan Moskou deklare lap pran mezi sa a pou reponn sipò militè l'Oksidan ap bay Ikrèn de plizanpli.

Putin anonse plan an pandan yon entèvyou nan televizyon Samdi. Li di se desizyon Angletè pran semèn pase a pou l bay Ikrèn atiyri ki gen kapasite pou pèse twou nan machin blende e ki ame ak iranyòm, ki te lakoz li pran desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG