Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Atak ak Dronn Touye 3 Moun Pou pi Piti nan Rejyon Kyèv.


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Otorite nan Ikrèn di mèkredi yon atak ak dronn pandan lannwit yè swa a pran lavi 3 moun pou pi piti nan rejyon Kyèv.

Sèvis dijans leta di frap la touche yon enstalasyon lekòl nan Rzhyshchiv, nan apeprè 60 kilomèt ak sid kapital la, kote li donmaje 2 rezidans pou etidyan ak yon building ki gen sal klas.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy poste yon tweet mèkredi ki di atak LaRisi pandan lannwit la te gen “20 dronn iranyen pou touye moun, ak misil, e ke te gen plizyè bonbadman.”

Prezidan ris Vladimir Putin chante lwanj, madi, pou yon plan lapè ke LaChin pwopoze, pandan li ap resevwa lidè chinwa Xi Jinping, e pandan li ap repete pozisyon li ke Ikrèn ak patnè li yo nan loksidan pa anvi angaje yo nan chita-koze lapè.

Zelenskyy di chita-koze lapè ka fèt sèlman lè LaRisi ta wete tout twoup li nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG