Accessibility links

Breaking News

Ikrèn :Etazini ap Fè plis Dilijans pou Livre Tank Abrams pou lagè Ikrèn nan


Russia Ukraine War Tanks
Russia Ukraine War Tanks

WASHINGTON (AP) — Otorite Ameriken yo di Pentagòn ap akselere livrezon tank Abrams li yo pou Ikrèn, e yo chwazi pou voye yon ansyen modèl tank ke yo refè ki ka pare pi rapid.

Objektif la se voye aparèy 70 tòn sa nan zòn lagè a nan 8 a 10 mwa.

Premye plan an sete voye 31 tank Abrams M1A2 tou nèf, ki te kapab pran yon ane oswa 2 pou yo konstwi epi voye yo ale.

Men, otorite yo di Madi ke yo pran desizyon voye ansyen vèsyon tank M1A1, ke yo kapab pran dirèkteman nan estock lame a e ki ap pi fasil pou fòs Ikrenyen yo aprann itilize e fè antretyen nan yo.

XS
SM
MD
LG