Accessibility links

Breaking News

Medvedev Deklare : “Nenpòt Tantativ pou Arete Putin Sou Manda CPI a se yon Deklarasyon Lagè


FILE PHOTO: Deputy Chairman of Russia's Security Council Medvedev gives an interview outside Moscow
FILE PHOTO: Deputy Chairman of Russia's Security Council Medvedev gives an interview outside Moscow

Ansyen prezidan Ris Dmitry Medvedev deklare jedi 23 mas la ke peyi lwès yo pa renmen endepandans Larisi ak Lachin e ke dizèn lane k ap vini yo pa pral trankil paske yo pral eseye kraze Larisi pou fè li tounen plizyè ti peyi ki pi fèb.

Nan yon entèvyou ak kèk jounalis Ris, pami yo jounalis ajans nouvèl leta TASS, Medvedev di Ikrèn te fè pati "Gran Larisi a," e li ajoute ke li pa wè okenn posiblite pou Larisi retounen gen relasyon ak Lwès nan lavni.

Medvedev, ki kounye a se prezidan konsèy sekirite Larisi a, di nenpòt peyi ki fè manèv pou arete Prezidan Vladimir Putin sou manda Tribinal Kriminèl Entènasyonal la ebyen Larisi ap pran sa kòm yon deklarasyon lagè.

Li di tou ke menas yon konfli nikleyè ap grandi e ke egalite nikleyè LaRisi ak Etazini ak alye li yo e menm siperyorite Larisi a garanti ke yo paka fè anyen nan teritwa li byenke Lwès la fè efò pou kraze peyi a.

XS
SM
MD
LG