Accessibility links

Breaking News

Palman La Syèd Apwouve Projè Lwa Pou Peyi a Antre Nan LOTAN


NATO-NORDICS/SWEDEN
NATO-NORDICS/SWEDEN

Palman an nan peyi la Syèd Mèkredi (22 Mas) la fòmèlman apwouve pwojè-lwa ki pou pèmèt peyi a rantre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la. Yap kapab antre nan alyans la apre lè aplikasyon an ta jwenn ratifikasyon tout 30 manm LOTAN yo, yon pwosesis ki toujou ap ret tann pou ale nan dènye etap li.

Syèd ak vwazen li Fenlann te mande pou yo vin fè pati de alyans militè trans-Atlantik la ane pase an repons ak envazyon Larisi te fè kay vwazen li Ikrèn.

Men, pwosesis la te on ti jan kanpe pa Latiki, ki ansanm ak Ongri poko ratifye manm yo.

Pwojè lwa a te pase jan yo espere ak yon majorite akablan - 296 an favè ak 37 vòt kont - ak ti Pati Goch la ak Greens yo se sèl pati ki opoze pwopozisyon an.

Si yo aksepte Syèd nan alyans lan, li pral fini de syèk militè ki pa aliyman pou peyi a.

XS
SM
MD
LG