Accessibility links

Breaking News

Polòy, Slovaki Mande Alye yo Pou Voye Avyon Lagè Bay Ikrèn


US-MILITARY-BOMBER-B-21-ARMAMENT-ARMY
US-MILITARY-BOMBER-B-21-ARMAMENT-ARMY

WARSAW, Polòy (AP) — Otorite nan peyi Polòy ak Slovaki mande pou alye yo bay Ikrèn avyon de gè. Yo di ke yo deja pare yo menm pou voye bay Kyèv avyon de gè MiG-29 ke Inyon Sovyetik te fabrike, nan kad yon kowalisyon entènasyonal.

Sepandan, li toujou pa klè si gen peyi nan Lwès la ki pare pou antre nan lojik sa.

Se 2èm fwa otorite yo nan Slovaki ak Polòy lanse apèl sa ke yo te fè deja.

Minis defans Slovaki a te di Jedi ke li lè pou pran yon desizyon paske moun nan Ikrèn ap mouri e ke avyon de gè ka fè yon diferans nan batay la.

XS
SM
MD
LG