Accessibility links

Breaking News

LaRisi Tire 6 Misil Hypersonik Kinzhal


Nan foto sa a ke Lapolis Ikreynen distribye bay lapres ponpye ap enspekte dega ki fet nan yon bilding apre yoon atak ak misil sou vil Kyev, kapital Ikren, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Nan foto sa a ke Lapolis Ikreynen distribye bay lapres ponpye ap enspekte dega ki fet nan yon bilding apre yoon atak ak misil sou vil Kyev, kapital Ikren, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Apre vag frap misil ke LaRisi te lanse jedi sou Ikrèn, Ministè Defans Grand Bretay la di vandredi ke pwal gen plis tan ki pase anvan jan de frap sa yo fèt.

Ministè a di LaRisi bezwen plis tan « pou li rasanble gwo mas misil ki fèk soti dirèkteman nan endistri a anvan li gen ase resous pou li debòde kapasite defans aeryen Ikrèn. »

LaRisi te lanse yon pakèt atak misil toupatou nan Ikrèn jedi, kote li touye pou pi piti 6 moun e kite dè milye san chofaj ak elektrisite.

Sete pi gwo atak konsa ki fèt sou Ikrèn depi 3 semèn, kote fòs Ikrèn yo di yo desann 34 sou 81 misil ke LaRisi tire, kidonk yon pousantaj pi piti lontan pase sa li konn bare, epi li di li desann 4 drone ke Iran fabrike.

Ministè Defans ris la di frap yo sete kòm revanj pou yon atak ki te fèt lòt jou la a sou rejyon Bryansk nan lwès LaRisi, e ki se, dapre Moskou, travay sabotè ki te soti Ikrèn.

Ikrèn demanti akizasyon an e li di ke Moskou ka sèvi ak sa pou jistifye desizyon li pou ogmante pwòp ofansiv li.

Pami zam ke LaRisi te tire yo te gen 6 misil hypersonik Kinzhal, pou repete pòtpawòl avyasyon militè Ikrèn Yuri Ihnat.

XS
SM
MD
LG