Accessibility links

Breaking News

Anpil Ikrenyen Pa Konn sa pou yo Fè Akoz Pèmisyon yo te Genyen pou Rete nan Etazini Ekspire


Ukraine Migrants
Ukraine Migrants

SAN DIEGO (AP) — Plis pase 20,000 Ikrenyen ki te jwenn pèmisyon pou yo rete sou teritwa ameriken an pou yon ane, apre yo te kouri kite peyi yo akoz envazyon Larisi te lanse lakay yo, yo ap fè fas gwo pwoblèm akoz Pwogram Pawòl imanitè ki ekpire pou yo.

Moun ki ap defann imigran sa yo di ke administrasyon Biden nan enfòme yo ke li ap travay pou ranje sitiyasyon an, men ke li pa di ki sa moun yo ka fè pou yo pwolonje estati yo, ki mache ak avantaj tankou èd lòjman ak koupon manje, ki rele ann angle “Food Stamps”.

Pifò Ikrenyen te jwenn otorizasyon pou yo patisipe nan pwogram imanitè sa pou yon ane apre yo te fin travèse fwontyè Etazini ak Meksik pandan kèk mwa lè lagè a te koumanse.

Anpil moun di ensètitid la ba yo tèt-chaje.

Depatman Sekirite Enteryè pa t reponn demann Ajans nouvèl Associated Press pou yo pale sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG