Accessibility links

Breaking News

Etazini Jwenn Manda pou Sezi Yon Boeing 737 Pou Yon Konpayi Ris


Aerial view of Boeing planes
Aerial view of Boeing planes

NEW YORK (AP) — Yon tribinal federal nan New York bay otorizasyon pou sezi yon Boeing 737 ki vo 25 milyon dola ke yon konpayi enèji Ris posede, e yo di ke desisyon sa se akoz sanksyon Etazini te pran kont Larisi kòm repons pou envazyon li kay vwazen li Ikrèn.

Avyon an se pou PJSC Rosneft Oil Co., ki gen katye jeneral li nan Moskou e konpayi a gen nan tèt li oligak Ris Igor Ivanovich Sechin ki anba sanksyon.

Avoka gouvènman Ameriken an nan Brooklyn di Mèkredi ke konpayi an vyole sanksyon ki di ke avyon ke Etazini fabrike pa dwe antre Larisi san lisans.

Otorite yo fè konnen avyon an te fè antre-soti nan Larisi plizyè fwa ane pase. Dènye fwa li te sou tèritwa Ameriken se nan ane 2014.

Konpayi an pa te reponn touswit yon kourye elektronik, kidonk yon imèl pou pale sou kesyon an ak ajans nouvèl Associated Press.

XS
SM
MD
LG