Accessibility links

Breaking News

Men Lis Peyi Ki Entèdi TikTok


Tik Tok Congress
Tik Tok Congress

HONG KONG (AP) — Etazini ak Kanada entèdi TikTok sou tout aparèy mobil gouvènman federal yo, yon desisyon ke otorite yo pran akoz yo kwè ke aplikasyon sa kapab yon pwoblem sekirite kòmkwa li ta ka ekspoze sekrè gouvènman an.

Konpayi chinwa Bytedance se pwopriyetè aplikasyon mobil TikTok.

Anpil moun nan mond lan sèvi ak app la pou pataje videyo, e apre gwo akisasyon sa yo Bytedance di li pa pataje ak gouvènman Chinwa a enfòmasyon ki sou telefòn mobil yo e ke sèvè kote li konsève enfòmasyon yo pa nan peyi Lachin.

Malgre repons TikTok la, anpil peyi rete pridan, kote yo deside bloke platfòm lakay yo nan nivo federal oubyen sou tout telefòn mobil, menm lè yo pran anpil prekosyon pou yo pa gate relasyon politik yo ak Lachin.

Pami peyi ki bloke aplikasyon Tiktok nou jwenn End, Taiwan, Etazini, Kanada, peyi manm Inyon Ewopeyen yo, Pakistan ak Afghanistan.

XS
SM
MD
LG