Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Sèmante Ikrèn Pral Ranpòte La Viktwa sou Larisi


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pale pandan yon konferans pou lapres a lokazyon premye anivese lage Larisi a, nan vil Kyev, 24 Fevriye, 2023.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pale pandan yon konferans pou lapres a lokazyon premye anivese lage Larisi a, nan vil Kyev, 24 Fevriye, 2023.

Prezidan Ikrenyen an sèmante li pral pouse pou pi devan pou Ikrèn ka ranpote la viktwa sou Larisi an 2023 nan moman peyi a ap make premye anivèsè envazyon Larisi a. Ikrenyen yo rele envazyon an "jounen pi long nan lavni nou".

Maten an, Prezidan Zelenskyy te pwofite anivèsè envazyon an pou l felisite Ikrenyen yo pou reziyans yo fas ak lagè ki kouvri plis teritwa e ki lakoz plis moun mouri depi Dezyèm Gè Mondyal la. Li di Ikrenyen yo montre yon envensib apre yon ane "gwo doulè, chagen, la fwa ak inite".

Ikrenyen yo asiste seremoni nan lonè viktim yo, mès ak lot evenman ki dewoule toupatou nan peyi a jodi 24 Fevriye a.

XS
SM
MD
LG