Accessibility links

Breaking News

Biden Di Desisyon Putin Pran Pou Sispann Patisipasyon Moskou nan Nouvo Trete Zam START la se Yon 'Gwo Erè'


WARSAW, Polòy (AP) — Prezidan Joe Biden di desisyon Prezidan Ris la Vladimir Putin pran pou li sispann patisipasyon peyi l nan dènye trete gi gen rapò ak kontwòl zam nikleyè a se yon"gwo erè" .

Putin di madi 21 fevriye a l ap sispann patisipasyon Moskou nan nouvo trete START la, ki se dènye akò ki rete nan kontwòl zam nikleyè ant Etazini ak LaRisi.

2 peyi yo te siyen an 2010 trete sa a ki limite yo chak peyi pou yo pa deplwaye plis pase 1,550 tèt nikleyè. Li gen pou l fini an 2026.

Nan premye kòmantè li yo depi lidè Ris la te fè anons sila, Biden, ki nan Polòy pou rankontre ak alye li yo nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik, kondane desizyon Larisi pran pou retire kò l soti nan trete sa, ke tout moun konen sou non New START.

Biden te pale Mèkredi nan Vasovi pandan li t ap fini vizit kat jou li nan Polòy ak Ikren.

XS
SM
MD
LG