Accessibility links

Breaking News

Putin ap Sispann Patisipasyon Moskou nan Nouvo Trete Zam Nikleyè START la


Russian President Putin delivers his annual address to the Federal Assembly in Moscow
Russian President Putin delivers his annual address to the Federal Assembly in Moscow

Prezidan ris Vladimir Putin di madi l ap sispann patisipasyon Moskou nan nouvo trete START la, ki se dènye akò ki rete nan kontwòl zam nikleyè ant Etazini ak LaRisi.

2 peyi yo te siyen an 2010 trete a ki limite yo chak pou yo pa deplwaye plis pase mil-550 tèt nikleyè. Li gen pou l fini an 2026.

Pandan li t ap pale nan yon diskou sou eta nasyon an devan palman ris la, Duma a, Putin di li pako rale soti nèt nan trete a pou kounyea.

Li di tou LaRisi ta dwe pare pou rekoumanse fè tès zam nikleyè si Etazini fè sa.

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken kalifye anons LaRisi a kòmkwa se yon « trè move nouvèl e yon desizyon ki se pa afè moun serye. »

Blinken di jounalis yo, « Nou pwal swiv ak anpil atansyon pou wè sa LaRisi ap fè vrèman. » E li ajoute, « nòmalman, nou pwal asire ke kèlkeswa sa ki pase, n ap pran pozisyon kòmsadwa pou sekirite peyi nou ak alye nou. »

Li di tou Etazini rete pare pou chita koze nenpòt ki lè ak LaRisi sou limitasyon zam estratejik yo, menm lè koalisyon peyi nan loksidan yo ki gen Etazini nan tèt yo ap kontinye founi zam bay Ikrèn nan lit li kont envazyon LaRisi a ki la depi yon lane.

Blinken di li nan enterè sekirite 2 peyi yo pou yo kontwole asnal zam nikleyè lakay yo.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG