Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Pale Sou Anivèsè Envazyon LaRisi nan Ikrèn


Pope Francis holds weekly general audience in Vatican
Pope Francis holds weekly general audience in Vatican

Pap Franswa eksprime l mèkredi sou sa li rele « anivèsè tris » envazyon LaRisi nan Ikrèn nan.

Pap la ki t-ap pale nan ti koze ke li gen chak semèn nan kalifye konfli a kòm yon « gè kriyèl ki pa gen sans. »

« Ann konsantre sou sò pèp Ikrèn nan ki se mati a e poze tèt nou kesyon : èske nou fè tout efò posib pou mete fen nan gè a? » se pawòl chef legliz katolik women an ki ajoute, « Mwen lanse apèl pou mande moun ki gen otorite sou nasyon yo pou yo fè bon jan efò pou mete fen nan konfli a, pou jwenn yon sese-l-fe e koumanse negosyasyon lapè. »

Minis afè etranjè LaChin nan ki bay sipò politik solid pou LaRisi nan envazyon Ikrèn nan madi di peyi li vle jwe yon wòl nan efò pou mete fen nan konfli a.

Qin Gang di patisipan yo nan yon konferans sou sekirite nan Peken ke LaChin te krenn pou lagè a ki la depi prèske yon lane pa eskalade plis toujou e « pèdi kontwòl. »

Li di LaChin ap kontinye ekzòtasyon pou chita-koze lapè e anplwaye « sajès chinwa » pou jwenn yon antant politik.

« An menm tan, nou ekzòte peyi konsène yo pou yo sispann touswit vide gazolin sou dife a, sispann akize LaChin, e sispann chofe pawòl sou Ikrèn jodia, epi Taiwann demen, » Qin sanble te vle pale la a sou sipò militè ke Etazini ak alye li yo ap bay Ikrèn, e de pawòl ki di LaChin ap pare pou anplwaye lafòs pou enpoze dwa li sou Taiwann, yon demokrasi sou yon zile k ap gouvène tèt li.

LaChin ak LaRisi aliyen politik afè etranjè yo kont Etazini e, kèk semèn anvan envazyon Ikrèn nan, lidè 2 peyi yo te deklare yon tèt-ansanm san limit. LaChin di tou te gen pwovokasyon pou LaRisi anplwaye fòs militè lè l-OTAN t ap laji pou kouvri rejyon ès la.

XS
SM
MD
LG