Accessibility links

Breaking News

Omwens 10 Palestinyen Pèdi Lavi yo nan Operasyon Militè Israel Lanse nan Riv Oksidantal la


An injured Palestinian is lifted onto an ambulance during clashes with Israeli forces in the West Bank city of Nablus, Wednesday, Feb. 22, 2023.
An injured Palestinian is lifted onto an ambulance during clashes with Israeli forces in the West Bank city of Nablus, Wednesday, Feb. 22, 2023.

NABLUS, West Bank (AP) — Ofisyèl palestinyen yo di ke omwen 10 Palestinyen mouri ak 102 lòt soit te blese pandan yon operasyon akarestasyon ke lame Izraelyen te fè nan Sisjòdani.

Ministè Sante Palestinyen an di yon granmoun ki gen 72-zan te pami moun ki pèdi lavi yo.

Atak la te fèt Mèkredi nan vil Naplos, yon espas ki toujou anba operasyon militè.

Militè Izrayelyen an konfime ke yo te gen yon operasyon militè ki te sou pye men yo pa bay okenn enfòmasyon.

Gen plis pase 50 Palestinyen ki pèdi lavi yo nan West Bank ak pati lès nan Jerizalèm depi kòmansman 2023.

XS
SM
MD
LG