Accessibility links

Breaking News

Palestinyen yo di Twoup Izrayelyen Touye 9 Sitwayen


Israel Palestinians
Israel Palestinians

Otorite Palestinyen yolanse akizasyon pou di fòs Izraelyen yo touye omwen 9 Palestinyen e yo blese plizyè lòt pandan yon atak nan Riv Oksidantal la. Sete youn nan atak ki pi mòtèl ki dewoule sou teritwa a e li te ogmante risk pou gwo tansyon ant Izraelyen yo ak Palestinyen yo rekòmanse.

Kout zam te mare apre militè Izrayelyen yo te mennen yon operasyon pandan jounen an nan kan refijye Jenin ke yo te di te gen entansyon lanse yon atak iminan kont Izrayelyen yo.

Minis Defans Izrayelyen an, Yoav Gallant, te dirije fòs yo nan Riv Oksidantal la ki sou fwontyè Izrayèl ak Gaza.

XS
SM
MD
LG